Add parallel Print Page Options

Ki kòmandman ki pi Empòtan?

(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)

34 Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35 Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36 “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”

37 Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.[a] 38 Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w[b] menm jan ak pwòp tèt pa w.[c] 40 Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 22:37 Sitasyon sa a soti nan Det 6:5.
  2. 22:39 pwochen w Oubyen “Lòt moun”. Sa Jezi ansye nan Lik 10:25-37 montre aklè sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
  3. 22:39 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.