Add parallel Print Page Options

34 Jezi sèvi avèk parabòl pou l di foul la tout bagay sa yo. Alaverite, li toujou sèvi ak istwa ki fè moun reflechi pou l anseye yo. 35 Sa te rive konsa pou pwofesi sa a te ka akonpli:

“M pral pale an parabòl.
    M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:35 Sitasyon sa a soti nan Sòm 78:2.