Add parallel Print Page Options

33 Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.

34 Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. 35 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. 36 Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 37 Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”

Read full chapter