Add parallel Print Page Options

Jezi geri anpil moun

(Mat 8:14-17; Lik 4:38-41)

29 Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. 30 Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. 31 Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.[a]

32 Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. 34 Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pat pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:31 manje Nan sans ospitalite.