Jan 18:39-19:16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
39 Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”
40 Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.
19 Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. 2 Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov[a] sou li. 3 Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou.
4 Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” 5 Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!”
6 Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l!
Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.
7 Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”
8 Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. 9 Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. 10 Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?”
11 Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”
12 Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.”
13 Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. 14 Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an!
15 Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!”
Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?”
Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”
16 Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li.
Footnotes
- 19:2 rad mov Li pwobab yon wòb sòlda ki te sanble ak wòb koulè mov wa yo te konn mete sou yo. Yo te mete rad sa a sou Jezi pou yo pase l nan betiz, paske te pretann li se yon wa.
Copyright © 2017 by Bible League International