Add parallel Print Page Options

Jan rann temwanyaj pou Jezi

(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Lik 3:1-9,15-17)

19 Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” 20 San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.”[a]

21 Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?”

Li reponn: “Non, mwen pa Eli.”

Yo mande l: “Èske ou se pwofèt[b] la?”

Li reponn: “Non.”

22 Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?”

23 Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo:

Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di:
    “prepare chemen Senyè a byen dwat.”[c]

24 Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. 25 Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?”

26 Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, 27 Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”

28 Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:20 Mesi a Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”, se yon tit yo konn bay wa yo, epi mo sa a vle di “Wenn” oubyen konsakre. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 1:21 pwofèt Li pwobab se pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-18.
  3. 1:23 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3.